[Verse 1]
Si avan Dye se te pawòl
Pawòl nou chak sakre /
Si l kreye nou à son image
Kè n Ta dwe pwòp e sakre /
Nèg pwovens kounya kwè nan zam
ke kenbe wou sakle /
Nèg Pòtoprens menm kwè nan zak
E yo Toujou sou atake /
Pyè lève la ansanm ak Jan
Jan se li lap takle /
Manje anpile ap gate andedan kay Zache /
Poutan Pòl gen sèl anba lang, grangou ap fèl rakle /
Grannèg pa care pou malere
Kè mizè a ap masakre /
Pou koupab isit sistèm nan fè kòb se jistisye /
Vin fè sak inosan pa gen dwa pou li jistifye /
Sèl ak sik ènmi men pou lasanté yo inifye /
Nou libere barabas yon kriminel god la n krisifye/
[ REFREN ] Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w
Fòk ou redrese w
Pa pè afwonte, tout difikilte
Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w Kenbe diyite w
Fòw pa pè pale, sa ki verite…
[Verse 2]
Yo Fè neg ghetto kwè nan bandi, zòn li l mistifye /
Lajenès deraye nan koripsyon li inisye /
Pè a kap ba w pawòl Kris la nanm li pa pirifye /
Eske se verite deviz Ayisyen an se inite /
Fè vi nou ap batay antrenou nan pwofi lot moun /
Nou pa wè se pati k sal yo nap ofri lòt moun /
Nou bliye tèt pou n achte pwosè konfli lòt moun /
Poutan lè n gen pwoblèm nou se poukont nou, l pa pwoblèm lot moun /
Fèmen je n sou valè nou yo n kite yo gaspiye /
Pou chase strès, sigaret, bòz, pifò jèn aspire /
Eske n panse lavi se manje bwè ak abiye /
Pran plezi tout jounen, si se sa ak soufrans nou abitye /
[ REFREN ]
Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w
Fòk ou redrese w
Pa pè afwonte, tout difikilte
Fòk ou reveye w
Fòk ou kale je w
Kenbe diyite w
Fòw pa pè pale, sa ki verite…
[Verse 3]
Doktè panse li se Bondye poutèt vi l ka sove /
Pandan bòkò rele Bondye avan l di l ka sove w /
Nèg la di l chèf, sou têt rezon w li prè pou l kalote w /
Malad ou bezwen èd, prochen w l’an lap post foto tan l sove w /
Anpil nan nou kè nou pa pwòp anplis nou rayisab /
Nou panse selman ak tèt nou, san gen lacharitab /
Ayiti vle toune yon forè, yon lye inabitab /
Si n pa souke kò, nou wout echèk la pou nou li inevitab /
Di wap sevi Bondye, poutan w pa gen lafwa /
M kwè se jij ou ye, ou pa respekte lalwa /
Majistra vil ou ye, lari a plen fatra /
Di wap byen dirije, Ayiti eta sa /
[ BRIDGE ]
Se pa tout sa yo di w pou w gentan sou de pye w /
Dèfwa yo use pawol pou fè w dous pou yo ka devye w /
Rale w mennen w vini pou yo ka dejwe w /
Fantom / Mirla ap ba w pawòl pou fè w kale je w /
An nou tout fè yon kale je n’…