Lyrics / Pawòl

 

M’pap pale twòp

Fan yo di’m pa pale twòp

Piga moun rele’m nan telefònn depi’w pap pale kòb

W’ap chache buzz

Flonation depase’w twòp

Si’w leve ou pa site non’m an verite ou pap fè kòb

Ou pap fè kòb fake

Ou pap fè kòb c’mon

Ou pap fé kòb fake

Ou pap fé kòb uh uh

 

Gade matante ranje dyòl ou, paske boss ou anba live la

W’ap chèche anfas mwen, pou’w ka kite stad grapyay la

Pa konpare’m, san goumen m’fè travay la

M’poko soti mizik, m’anvayi yo nan bagay la

 

Ah, men Flo a wi

Gen kontwòl tout cho a wi

Mari yo krezi, y’ap gad bouda’m tankou se Ferrari

Vlaaaaa, Sirèt avi

Ou mèt chèche lót abri

Depi lè’m parèt la, yo etènn, se non’m kap fè la une

Flonation krezi level

Nan lari a m’fè plis eko

M’afiche nan tout state yo

Game nan te frèt, m’vinn fè’l cho

M’nan salon, m’nan tout ghetto

Ansyen volè, ou gen tout defo

Ou te finn mouri, ou bezwen an fas mwen pou’m resisiite’w

 

Leve tèt ou, pa gen pase boss sa

Menm nan je’w, ou paka gade boss la

Ou vle tankou’m, pa gen ase fòs la

Ou son mayi, pa gen ase sòs pwa

Bitch! Ou pa gen ase kontra

Fouk kilòt ou sal, chèche yon mwayen pou’w al lave anba’w

 

Pote Flo ranje men nèg kap rape

Janm tanden m’wè n’ap jape

Level mwen tout nèg ap chache’l

Depi’l paka afwonte’m se chen kap jape,

M’kenbe ane a tout nèg ap tchake

Hit sou hit kounya ‘m pral plake

M’kite’w radote nan dyòl ou piga’w atake

 

Zoeway SME nou fè y’ap babye.

Anpere lan Rap Kreyòl m’pakonn best

Depi lè’m fèt t san bouchon san contest

M’ap fé rap on lòt jan san konplex

Piti a genlè gen règ m’wè san’l nan Kotex

Yeah, kouneya m’ap chare sak tap bare

Paka pare’m akapare, m’vin akabare

Track la pare

Vètè lan lari a m’fè dyòl y’ap dyare.